2 Kings 10:15
Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: —Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: —Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: —Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:55Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.
Genesis 47:10Jakòb di farawon an orevwa, epi li ale.
2 Kings 9:21Lè sa a Joram di: —Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
1 Chronicles 2:55Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.
1 Chronicles 12:18Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.
Nehemiah 3:14Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.