2 Kings 13:7
Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (010.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Rès istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
Cross References
1 Samuel 13:6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.
1 Samuel 13:19Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè.
1 Kings 20:27Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a.
2 Kings 10:32Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a,
Isaiah 36:8Antann nou avèk mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo.
Isaiah 41:15M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.