The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 2 › 2 Kings 2:8

2 Kings 2:8

Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.

Bib La

In The King James Version

And Elijah took his mantle, and wrapped it together, and smote the waters, and they were divided hither and thither, so that they two went over on dry ground.

In Context

7Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.

9Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.

Read all of 2 Kings 2

Cross References

Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.

Exodus 14:29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.

1 Samuel 28:14Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.

1 Kings 19:19Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.

Psalms 114:5Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?

Hebrews 11:29Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 2:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 2:72 Kings 22 Kings 2:9 →