The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 2 › 2 Kings 2:7

2 Kings 2:7

Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.

Bib La

In The King James Version

And fifty men of the sons of the prophets went, and stood to view afar off: and they two stood by Jordan.

In Context

6Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.

8Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.

Read all of 2 Kings 2

Cross References

1 Samuel 10:5Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.

1 Kings 18:13Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san (0100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.

2 Kings 2:17Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: —Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.

2 Kings 5:22Gerazi reponn li: —Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.

2 Kings 9:1Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 2:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 2:62 Kings 22 Kings 2:8 →