2 Kings 2:9
Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:17M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsablite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò.
Numbers 27:16-O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,
Deuteronomy 34:9Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
2 Kings 13:14Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!
2 Chronicles 1:9O Seyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyè tè.
Psalms 72:20Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.