2 Kings 22:2
Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
1 Kings 3:6Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.
1 Kings 15:5Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.
2 Kings 12:3Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo.
2 Kings 16:2Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
2 Chronicles 17:3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.