2 Chronicles 17:3
Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 39:21Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.
Exodus 4:12Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Judges 2:18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.
Judges 8:33Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.
1 Samuel 18:12Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.