2 Kings 16:2
Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
1 Kings 11:4Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.
2 Kings 14:3Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'.
2 Kings 15:34Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'.
2 Kings 22:2Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
2 Chronicles 28:1Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.