The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 23 › 2 Kings 23:13

2 Kings 23:13

Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.

Bib La

In The King James Version

And the high places that were before Jerusalem, which were on the right hand of the mount of corruption, which Solomon the king of Israel had builded for Ashtoreth the abomination of the Zidonians, and for Chemosh the abomination of the Moabites, and for Milcom the abomination of the children of Ammon, did the king defile.

In Context

12Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.

14Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

Read all of 2 Kings 23

Cross References

Numbers 21:29Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.

Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.

1 Samuel 7:4Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman.

1 Kings 11:5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.

Jeremiah 48:7Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 23:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 23:122 Kings 232 Kings 23:14 →