2 Kings 3:2
Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men pa tankou papa l' ak manman l' Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l' te mete kanpe pou sèvis Baal la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.
1 Kings 16:19Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
1 Kings 16:32Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.
1 Kings 21:20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.
2 Kings 6:31Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
2 Kings 9:34Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: —Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.