The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 23 › Exodus 23:24

Exodus 23:24

Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.

Bib La

In The King James Version

Thou shalt not bow down to their gods, nor serve them, nor do after their works: but thou shalt utterly overthrow them, and quite break down their images.

In Context

23Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.

25Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.

Read all of Exodus 23

Cross References

Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Exodus 34:13Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.

Leviticus 18:26Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo.

Numbers 33:52se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.

Deuteronomy 7:25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.

Deuteronomy 12:30atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 23:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 23:23Exodus 23Exodus 23:25 →