2 Kings 6:11
Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 22:8Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'.
Job 18:7Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
Isaiah 57:20Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la.