2 Kings 8:13
Azayèl mande l': —Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: —Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:43Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
1 Kings 19:15Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.
Psalms 22:16(022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Micah 2:1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.
Matthew 26:33Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.