2 Peter 1:21
Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:28Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m' fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo.
Joshua 14:6Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.
1 Kings 13:1Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.
1 Kings 17:24Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.
2 Kings 4:9Yon lè, madanm lan di mari l': —Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye.
2 Kings 6:10Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa.