2 Peter 1:4
Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Romans 9:4Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.
2 Corinthians 3:18Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.
Galatians 3:16Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.
Ephesians 4:23Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.
Hebrews 8:6Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.