Romans 9:4
Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:2M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.
Genesis 17:10Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
Exodus 4:22W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.
Exodus 19:3Moyiz moute sou mòn lan, l' al bò kote Bondye. Seyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l': -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen:
Exodus 34:27Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.
Numbers 7:89Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.