The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 11 › Daniel 11:36

Daniel 11:36

Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

Bib La

In The King James Version

And the king shall do according to his will; and he shall exalt himself, and magnify himself above every god, and shall speak marvellous things against the God of gods, and shall prosper till the indignation be accomplished: for that that is determined shall be done.

In Context

35Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.

37Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.

Read all of Daniel 11

Cross References

Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.

Job 23:13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?

Psalms 136:2Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.

Isaiah 10:25Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.

Isaiah 14:14Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 11:36

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 11:35Daniel 11Daniel 11:37 →