2 Peter 2:20
Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 13:20Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.
Leviticus 14:43Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',
Deuteronomy 32:29Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo.
Luke 11:24Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a.
Hebrews 6:4Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
2 Peter 1:2M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen.