2 Peter 2:21
Sa ta pi bon pou li si l' pa t' janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l' lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 125:5Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
Proverbs 16:31Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
Ezekiel 18:24Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
Zephaniah 1:6M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.
Matthew 21:32Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
John 9:41Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou.