2 Peter 2:9
Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 5:19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Psalms 4:3(04:4) Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.
Psalms 32:6Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
Proverbs 16:4Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
1 Corinthians 10:13Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
2 Timothy 3:12Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.