2 Peter 2:8
Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè.
Cross References
Psalms 119:139Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.
Proverbs 25:26Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal.
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Malachi 3:15Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.
James 5:16Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.