2 Peter 3:17
Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 7:15Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
Matthew 16:11Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?
Mark 13:22Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Acts 2:42Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
1 Corinthians 10:12Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
2 Corinthians 11:3Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.