Matie 7:15
Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 9:15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò!
Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.
Jeremiah 28:15Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.
Jeremiah 29:32Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.
Ezekiel 13:22Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.
Ezekiel 22:27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.