2 Samuel 1:6
Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
5David mande nonm ki te pote nouvèl la: -Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?
7Lè sa a, li voye je l' gade, li wè m', epi li rele m' vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa.
Cross References
1 Samuel 6:9N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
1 Samuel 31:1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.
2 Samuel 1:21Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.
Luke 10:31Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.