2 Samuel 4:5
Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 11:2Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
2 Chronicles 24:25Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.
2 Chronicles 33:24Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.
1 Thessalonians 5:3Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.