2 Samuel 12:1
Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite.
Cross References
Judges 9:7Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.
2 Samuel 7:17Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.
2 Samuel 11:25David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.
2 Samuel 14:14Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.
1 Kings 4:5Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.
1 Kings 18:1Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.