2 Samuel 12:7
Le sa a, Natan di David: -Nonm sa a, se ou menm! Men mesaj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Pou l' peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l' te pran an, paske li san pitye.
Cross References
1 Samuel 13:13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
1 Samuel 16:13Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
1 Samuel 18:21Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen.
1 Samuel 23:7Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fèmen kò l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid!
1 Samuel 23:26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.
2 Samuel 14:13Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.