2 Samuel 12:8
Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l' lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pa t' kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:19Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.
2 Samuel 5:5Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan.
2 Samuel 9:7David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.
2 Samuel 12:11Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun.
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Romans 8:32Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?