2 Samuel 13:31
Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l' atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
2 Samuel 3:31Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l' yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an.
Job 1:20Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.