2 Samuel 3:31
Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l' yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
2 Samuel 1:2Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li.
2 Kings 19:1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.