Genesis 37:29
Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
Bib La
In The King James Version
And Reuben returned unto the pit; and, behold, Joseph was not in the pit; and he rent his clothes.
In Context
30Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a?
Cross References
Genesis 37:34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.
Numbers 14:6Lè sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitèlman yo te fache.
2 Kings 19:1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.
Joel 2:13Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.