2 Samuel 15:2
Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:14Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
Exodus 18:26Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
Ruth 4:1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
1 Kings 3:16Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.
Job 24:14Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.
Daniel 11:21Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.