Daniel 11:21
Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 3:13Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.
2 Samuel 15:6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.
Psalms 15:4Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.
Isaiah 32:5P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun.
Daniel 8:9Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.
Daniel 8:25L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.