Exodus 18:26
Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Apre sa, Moyiz kite bòpè l' la pati. Epi Jetwo tounen tounen l' nan peyi l'.
Cross References
Exodus 18:14Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
Leviticus 24:11Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
1 Kings 10:1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.