2 Samuel 16:4
Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 19:15Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.
2 Samuel 14:4Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen!
2 Samuel 14:10Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò.
Proverbs 18:13Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.
Proverbs 19:2Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.