The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 16 › 2 Samuel 16:5

2 Samuel 16:5

Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon.

Bib La

In The King James Version

And when king David came to Bahurim, behold, thence came out a man of the family of the house of Saul, whose name was Shimei, the son of Gera: he came forth, and cursed still as he came.

In Context

4Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'.

6Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l' yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a.

Read all of 2 Samuel 16

Cross References

Exodus 22:28Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.

2 Samuel 3:16Paltyèl pati dèyè l', li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: -Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l'.

2 Samuel 17:18Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'.

2 Samuel 19:17Te gen mil (01000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.

2 Samuel 19:22Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.

1 Kings 2:8Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 16:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 16:42 Samuel 162 Samuel 16:6 →