2 Samuel 16:3
Wa a mande l': -Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la? Ziba reponn: -Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:16Piga nou bay manti sou frè parèy nou.
2 Samuel 9:9Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'.
2 Samuel 19:28Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò.
Psalms 88:18(088:19) Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.
Proverbs 1:19Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
Micah 7:5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!