The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 17 › 2 Samuel 17:8

2 Samuel 17:8

Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo.

Bib La

In The King James Version

For, said Hushai, thou knowest thy father and his men, that they be mighty men, and they be chafed in their minds, as a bear robbed of her whelps in the field: and thy father is a man of war, and will not lodge with the people.

In Context

7Ouchayi reponn li: -Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm.

9Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo.

Read all of 2 Samuel 17

Cross References

1 Samuel 16:18Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.

1 Samuel 17:50Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'.

2 Samuel 15:18Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (0600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.

2 Samuel 23:8Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (0800) moun. Li touye tout yon sèl kou.

2 Samuel 23:18Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (0300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.

2 Kings 2:24Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 17:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 17:72 Samuel 172 Samuel 17:9 →