Joshua 8:29
Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.
30Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal.
Cross References
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
Joshua 8:23esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.
Joshua 10:27Lè solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a.
Joshua 10:33Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.
2 Samuel 18:17Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo.
Psalms 107:40Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,