2 Samuel 19:35
Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:4Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.
2 Samuel 15:33David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'.
Nehemiah 7:67Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (07.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (0200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
Job 12:11Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
Ecclesiastes 2:8Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.
Isaiah 5:11Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!