2 Samuel 21:2
Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.
Joshua 9:15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.
1 Samuel 15:8Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.
2 Kings 10:31Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.
Luke 9:54Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?
Romans 10:2Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.