2 Samuel 21:10
Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.
Cross References
Genesis 40:19Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou.
Deuteronomy 21:13l'a wete rad ki te sou li lè yo te fè l' prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l' ak manman l'. Apre sa, nonm lan va pwoche bò kote l', l'a marye avè l', l'a pran l' pou madanm li.
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
2 Samuel 3:7Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche avè l'. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè, li di l' konsa: -Poukisa w' al kouche avèk yonn nan fanm kay papa m' yo?
1 Kings 18:41Apre sa Eli di wa Akab konsa: -Koulye a, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.
Jeremiah 5:24Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.