2 Samuel 21:9
Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Numbers 35:31Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri.
Deuteronomy 21:1Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,
Ruth 1:22Se konsa Naomi tounen soti nan peyi Moab ansanm ak bèlfi li, Rit, moun peyi Moab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt grenn lòj te fèk konmanse.
2 Samuel 6:17Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.
2 Samuel 21:6Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo.