2 Samuel 22:49
Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
48Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
50Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou.
Cross References
Numbers 24:7Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
1 Samuel 2:8Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
2 Samuel 7:8Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.
Psalms 18:48(018:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
Psalms 140:1(0140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (0140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,