2 Samuel 23:16
Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:14Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li.
1 Samuel 7:6Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
2 Samuel 23:9Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.
Lamentations 2:19Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!
Romans 5:7Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.
Philippians 2:17Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.