Judges 9:24
Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 27:25-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Judges 9:56Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l' la, lè li te touye swasanndis frè l' yo.
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Esther 9:25Men, lè Estè al di wa a sa, wa a bay yon lòt lòd. Se konsa malè Aman t'ap pare pou jwif yo, se sou pwòp tèt li li tonbe. Yo pann ni li ni pitit gason l' yo byen wo sou plas piblik.
Psalms 7:17(07:18) Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.