2 Samuel 3:9
Se pou Seyè a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.
Bib La
In The King James Version
So do God to Abner, and more also, except, as the LORD hath sworn to David, even so I do to him;
In Context
Cross References
Ruth 1:17Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
1 Samuel 14:44Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
1 Samuel 28:17Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito.
2 Samuel 19:13n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!
1 Kings 2:23Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Seyè a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l' mande m' la a!