2 Samuel 7:12
Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
Cross References
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.
1 Kings 1:21Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.
1 Kings 2:10Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
2 Chronicles 6:15Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la. Tou sa ou te di w'ap fè, ou fè l' rive vre jòdi a ak fòs ponyèt ou.
Psalms 132:11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.