2 Samuel 7:6
Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 33:14Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Leviticus 26:23Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m' toujou,
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
Joshua 18:1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
1 Kings 8:16Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.