2 Samuel 7:9
Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:27Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.
1 Samuel 18:14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
1 Samuel 31:6Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.
2 Samuel 8:6Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
2 Samuel 22:1Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
2 Samuel 22:34Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.